Pawòl Kreyòl

Sosyete Koukouy, jou dimanch 25 oktòb 2009 te lanse “Pawòl Kreyòl: Revi Literè Sosyete Koukouy nan kad wounmble li te òganize 23-25 oktòb, pou selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl 2009-la. 
 
Pawòl Kreyòl, se premye revi literè nan lanng kreyòl ayisyen an. Revi literè sa-a se rezilta travay Sosyete Koukouy, branch literè anndan Òganizasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen-an.  
 
Karannkat lane (1965 – 2009) apre kreyasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen-an, epi trant lane (1979 – 2009) apre piblikasyon òtograf ofisyèl kreyòl Ayiti-a, Sosyete Koukouy pibliye premye revi literè-li. Pawòl Kreyòl genyen 370 paj, li prezante sou fòma liv epi li genyen plizyè seksyon tankou: literati, lenguistik, nouvèl literè, mo teknik, elatriye.  
 
Pri revi-a se $19.99. plis $4.00 pou lapòs ozetazini, $6.00 pou lapòs Canada, oswa $10.00 pou lapòs lòt kote.

Ou gin dwa achte Pawòl Kreyòl nan PayPal: