Istwa Sosyete Koukouy Konektikèt

Sosyete Koukouy Konektikèt te fonde nan mwa jen 1990 nan vil Norwalk, lò Choublak (Pascale Millien) manm Koukouy Miyami vini tabli li ansam ak fanmi li nan zòn nan.   Kouzin Choublak  te youn manm djanm nan seksyon dans, seksyon koral, kou kreyòl ak seksyon teyat; konsa se ak kè sere koukouy Miyami yo t’ap gade kouzin nan chape poul li.  Grandèt Biwo Kiltirèl ak Biwo Santral Sosyete Koukouy yo pa te vle kite sa pase konsa, kidonk nan youn bèl fèt kay kouzin Gipsie Metellus yo inisye kouzin nan ak youn flanbo toulimen pou li kontinye travay mouvman-an komsadwa nan Konektikèt. 

Rive li rive Konektikèt Choublak monte drapo Koukouy li byen wo.  Ak konkou Pierre Philitas ki te vin direktè jeneral, Yves F. MondesirMarie-Flore Pauyo,  Jeanie Louisfin,  defen (Marc Tanis), Majem ak Millien/Christa nan mwens  pase youn (1) lane te gen plis pase 30 jenn fi ak jenn gason ki te vin manm aktif Koukouy Konektikèt.  Se  te fasil paske repitasyon Soyete Koukouy Nouyòk ak Koukouy Miyami te rive sou terenn an anvan Choublak.  Boujon Koukouy Konektikèt  yo li ak ekri pwezi, jwe pyès teyat, danse anba kout tanbou  Jean-Claude Jean-Louis ak kout sizo Mona Milyen Millien, fè ekspozisyon atizana epi tou pibliye premye jounal branch lan: Bobèch

Apre divès  monte desann Père Jean-Elie Millien ak Enjenyè Augustin Pierre-Louis , nan fè demach, bay jenn yo konsèy, ankourajman, Koukouy Konektikèt te pran  jarèt jouk li rive kanpe dyanm .  

Kounye-a, sou direksyon Angelucci Manigat, Direktè Jeneral Koukouy Konektikèt depi 2003, nou òganize anpil aktivite kiltirèl, nou pote kole ak tout òganizasyon konsekan k’ap feraye pou avansman lanng Kreyòl la, paske nou kwè kalite kolaborasyon sa yo enpòtan anpil pou pwomosyon kilti lakay.  Se poutèt sa, nou twavay ak zòt nan kominote nou an pou selebrasyon fèt drapo, fètdèmè, fèt Desalin, festival liv ayisyen nan konektikèt, selebrasyon Kwanza, elatriye….

Sosyete Koukouy Konektikèt itilize pwezi, dans, ekspozisyon atizana, kou kreyol, defile mòd ak manje ayisyen kòm zouti pou fè pwomosyon kilti lakay-la.  Nou twavay anpil ak timounn ki fèt isit pou nou pase yo eritay ak fyète jenerasyon pa nou genyen pou Ayiti. Yo se avni peyi Dayiti, nou vle prepare yo pou yo pote flanbo Koukouy-la nan ane ki ap vini yo.

Jounen jodi-a, Branch Sosyete Koukouy Konektikèt (Connecticut) la tabli nan vil Stamford, paske se la ki gen plis Ayisyen.  Nou travay men-nan-men ak « Legliz Episkopal Epifani » nan Stamford.

Nou ankouraje tout ayisyen pou yo kontakte branch koukouy nan zòn yo epi met men pou pwopaje konesans, enpòtans ak lanmou kilti lakay tribòbabò. 

Pou Plis Enfòmasyon rele:

Angelucci Manigat, Jr    203-981-5527
Pascale Millien               203-520-6763