Little Haiti Book Festival ONLINE

Tout moun alawonnbadè envite. Nan Little Haiti Book Festival ONLINE, pral gen prezantasyon otè ayisyen (Ayiti ak Dyaspora) epi deba ak konferans k ap bay lang kreyòl la tout onè ak merit li genyen.

Over the past year, we have been reimagining the ways in which Sosyete Koukouy connects people to books and authors online. We’re proud to announce the second edition of the Little Haiti Book Festival Online! Programmed in partnership with Miami Book Fair, as in years past, and in collaboration with Books & Books and Libreri Mapou, the Little Haiti Book Festival Online will feature authors from Haiti and the Haitian diaspora, panel discussions and performances, and storytelling and dance for children, too! Here’s the schedule for various events happening in May — we’ll ardently celebrate Haitian Heritage Month!

May 9 @11am

Sunday, May 9, 11am. Haitian Carnival: Art, Culture, Religion (Kanaval nan Peyi Dayiti) with award-winning writer Edwidge Danticat and Reverend  Nathanael Saint-Pierre. Moderated by Lochard Noel, PhD. Includes special segments with artist Stephen Arboite and Haitian radio personality Severe Livincoeurs from WSRF.
https://www.crowdcast.io/e/little-haiti-book-2021/1

Carnival, called Madigra (Mardi-Gras) in Haiti, is a cultural event that is not to be missed. The population of Haiti, from the very poor to the very wealthy, dresses up in their brightest clothes and parades to the rhythms of Konpa music. Madigra has a long history. This celebration originated in Europe, and was brought to the New World, where it blended with Native-American traditions during colonization. Madigra in Haiti is a national celebration. Every town has its own version of Madigra, from decorated floats rolling past with beautiful queens waving to the crowds, to live bands, marching musical groups, to colorful traditional costumes… Everyone sings, dances, and unwinds. But beyond the fun, there is a serious component to Madigra. It is also a time for the people to relay their demands and criticism with short plays and lyrics directed at political figures.

In this panel discussion, we will talk about the fun parts of Madigra, but also look at some of the more serious aspects of the celebration.

Kanaval, ki gen non Madigra nan peyi Dayiti, se yon evennman kiltirèl pèsonn pa ka rate. Se tout popilasyon ayisyen an, malere kou lelit ki degize ak bèl kostim plen koulè e k ap defile sou kadans mizik konpa. Madigra la lontan. Selebrasyon sa a soti nan kontinan Ewòp, epi se kolon yo ki te mennen li rantre nan Nouvo Monn lan kote li vin brase ak tradisyon endyen yo.  Madigra nan peyi Dayiti se yon selebrasyon nasyonal. Chak vil gen estil madigra pa li, cha dekore k ap pase avèk bèl rèn k ap voye men bay foul la, djaz k ap jwe, bann apye, kostim tradisyonèl tout koulè... Tout moun ap chante, danse, defoule konsyans yo.  Anplis de plezi an, gen yon eleman serye nan Madigra tou. Se epòk tou kote pèp la fè pase revandikasyon ak kritik li ak ti pyès teyat ak chante pwent pou atake ofisyèl politik yo.

Nan panèl sa a, nou pral pale de pati detant la nan Madigra, men n ap gade tou kèk nan aspè pi serye selebrasyon an.


May 16 @11am

Sunday, May 16, 11am. Creole, Creolish: Regionalisms in Haitian Creole (Pale moun nan Nò ak pale moun nan Lwès ak Sid) with Prof. Jean-Robert Placide and Prof. Yvon Lamour. Moderated by Ms. Sherley Louis, Ms.Ed. Includes special segments with artist Morel Doucet and Haitian-American lifestyle, tourism, culture, society and entertainment blog L’Union Suite.
https://www.crowdcast.io/e/little-haiti-book-2021/2

Every language has regional dialects. Haitian Creole is also subject to these variations.  In Northern Creole, there are words, phrases, and pronunciations that are different from other regions of Haiti. Haitians in the Southern and Western parts of the country do not have these words in their vocabulary. Sometimes, even the same words have different meanings depending on where they are spoken.  

In this panel, we examine this phenomenon and ask: Do these regional variations stem from the linguistic separation that took place after Jean-Jacques Dessalines's death, when two education systems emerged in Haiti, one in French in the South and the West with Pétion; the other one in English in the North/North-West with Henri Christophe? 

Nan tout lang gen dyalèk rejyonal. Kreyòl ayisyen an gen menm varyasyon sa a ladan. Nan kreyòl nò peyi a, gen mo, ekspresyon ak pwononsyayon ki pa menm ak nan lòt rejyon peyi Dayiti. Ayisyen nan pati Sid ak nan pati Lwès peyi an pa genyen mo sa yo nan vokabilè yo. Pafwa menm, menm mo yo pa gen menm siyifikasyon tout kote.

 Nan panèl sa a, n ap egzaminen fenomèn sa a epi mande:  Èske varyasyon rejyonal sa a soti nan separasyon lengwistik la apre lanmò Jan Jak Desalin, lè te gen de sistèm edikasyon ki te parèt an Ayiti, youn an Franse nan Sid ak Lwès ak Petion; lòt la nan lang Angle nan pati Nò/Nòdwès la ak Anri Kristòf? 


May 23 @11am

Sunday, May 23, 11am. Gray Areas: Human Relations and Critical Thinking in the Era of Social Media (Refleksyon sou enfliyans medya sosyal) with researcher Herve Fanini-Lemoine and Haitian radio and TV personality Carel Pedre. Moderated by Myrtha Wroy, M.S. Includes special segments with artist Vanessa Charlot and Haitian radio personality Elizabeth Guerin from Island TV.
https://www.crowdcast.io/e/little-haiti-book-2021/3

There is no doubt that social media has changed the world. Information that used to take days or weeks to spread is now instantly available around the globe, and access to this information is just a mouse click away. Whether it is traditional media, or a personal post gone viral, information is now spreading faster than it ever has, and it is not always reliable information.

In this panel, we examine the toll of social media on interpersonal relationships, and the influence of Facebook, Twitter, Instagram, Whatsapp, etc., at the social, political, and economic level.

Pa gen dout, medya sosyal chanje lemond. Enfòmasyon ki te konn pran jou oswa semèn pou simaye disponib kou yo parèt kounye a toupatou sou Latè, epi pou jwenn enfòmasyon sa yo se annik klike. Ke se medya tradisyonèl, oswa post yon moun ki gaye tout kote, kounye a enfòmasyon simaye pi vit toujou, e se pa toujou bonjan enfòmasyon.

Nan panèl sa a, n ap egzaminen konsekans medya sosyal sou relasyon ant moun, ak enfliyans Facebook, Twitter, Instagram, Whatsapp, elatriye, nan nivo sosyal, politik, ak ekonomik.


Sunday, May 30, 11am. Taptap Krik? Krak! Books and Music for Families. Storytelling with Muriel Johnson, Jude Joseph, Charlot Lucien, and Paula C. Pean. Books with Angie Bell, Tico Armand, Danielle Joseph, OliGa, and Imane Kernizan. Music with Inez Barlatier. Cooking with Nadege Fleurimond. Hosted by Mahalia Solages.  Includes a special segment with the Haitian Ladies Network.

https://www.crowdcast.io/e/little-haiti-book-2021/4

May 30 @11am