Aime Cesaire Kite nou (26 Jen 1913 - 17 Avril 2008)

Manm Sosyete Koukouy ki gaye toupatou sou tè-a, ki ap klere nan fènwa pou limanite jwenn youn denmen miyò, aprann ak anpil lapenn lanmò youn Atibon Legba nan literati nèg-la : Aime Cesaire. Cesaire se younn nan Gid nou yo. Malgre li fèt Matinik wòl li nan literati-a fè li pa gen patri. S’oun komèt ki t’a flache limyè respè ak diyite pou tout nèg sou latè. Li pa te jennen deklare Negritid la jèmen an Ayiti. E se ak kouraj plis detèminasyon depi li te nan lise rive jouk nan dènye jou li sou tè-a, li te kore mouvman sila-a pou penmèt chak grenn nèg jwenn plas li nan inivè sosyal e kiltirèl-la. Onè-Respè pou ou Aime !… Tousen ak Kristòf ap tann ou pou batay la kontinye nan youn lòt dimansyon….. 

Aime Cesaire ale. Li byen travay. Flanbo negritid-la pa dwe tenyen ! An nou lage youn ti luil etènèl ki pou kenbe-l toujou vivan nan kè tout jenerasyon nèg sou latè… vitam-etènam. 

Jan Mapou - Biwo Santral Koukouy-Miyami

Delince Group