Istorik Sosyete Koukouy Kanada

 

Ekzistans Sosyete Koukouy Kanada kòmanse pran fòm depi nan ane 1982, kote mwen te  kontre ak Manno Ejèn nan Centre Culturel Hector Hyppolite.Se la  Edgar Gousse, Etienne Thélémaque, Julio Jean-Pierre, Pierre-Michel Lespérance ak plizyè lòt animatè kiltirèl ankò te deside kreye youn pwogram ki te pote non Nuit de poésie à la chandelle. Nou te nan mwa mas 1982. Kòm se Manno Ejèn ak mwenmenm ( Kaptenn Koukourouj) sèl grenn  ki te li tèks kreyòl, nou te deside rete an kontak. 

Ane yo pase. Zanmitay nou grandi, nou rete kole ak Julio Jean-Pierre, ki ban nou metòd pou nou travay pwezi nou. Rive nan ete 1984   Jean-Robert Placide vin dekouvri gen kèk kreyolis ki te deside travay ansanm, limenm tou li vin rantre vonlontye pou li metemen ak nou. 

Se konsa, apre anpil rankont travay, liv ki te pral rele Anba Lakay la te  vin pare pou li pran lari. Epitou, rive nan mwa oktòb 1984 Adline Chancy vin parèt ak pwogram Bannzil kreyòl la nan Monreyal. Kòm Manno Ejèn, Julio Jean-Pierre, Jean-Robert Placide epi mwenmenm  te deja ap feraye san pran souf sou Anba Lakay, nou te wè okazyon aktivite Bannzil la nan Monreyal, se te pi bèl moman pou nou ta fè lansman Anba Lakay. Òganizatè Bannzil yo pa te anmezi pou ede nou nan lansman an. Lè sa a Julio Jean-Pierre te ankouraje nou louvri youn òganizasyon pou avansman lanng kreyòl la nan Monreyal apati pwòp aktivite literè pa nou. Ak prezans Manno Ejèn ki te manm Mouvman kreyòl Ayiti a, nou te vin  gen lejitimite pou nou louvri youn branch Sosyete Koukouy Kanada anba labanyè Mouvman Kreyòl la. Konsa, kat manm fondatè Sosyete Koukouy Kanada yo se Manno Ejèn, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), Julio Jean-Pierre ak Jean-Robert Placide.

Nan dat premye desanm 1984, nou te ekri leta Pwovens Kebèk la epi nou te mande pèmisyon pou nou louvri youn gwoup kiltirèl sou non Sosyete Koukouy Seksyon Kanada epi nan dat 10 desanm 1984, nou te fè premye aktivite piblik nou ak lansman Anba Lakay , ki te pote youn lòt dimansyon nan fason pwezi kreyòl Ayiti a t’ap devlope. Pwezi a te kite wout pwoz la pou li te rantre nan kreyasyon ak babako imaj. Nou dwe di tou, Anba Lakay se premye liv pwezi kreyòl ki pibliye nan Monreyal.

Sou konsèy Julio Jean-Pierre toujou, ki te genyen plis eksperyans pase nou nan òganizasyon kominotè, nan dat 4 fevriye 1985, nou te ekri youn lèt piblik nan jounal, pou nou di tout mounn nou ekziste kòm òganizasyon kiltirèl.  Nan epòk sa a, Mapou t’ape fè tranzisyon soti Nouyòk rantre Miyami.  Ann li sa nou te ekri nan jounal Haiti Progrès :

Montréal, le 4 février 1985

Chè konpatriyòt,

Sa fè nou anpil plezi pou nou fè ou konnen depi 1er desanm 1984, gen you òganizasyon ki rele « Sosyete Koukouy Seksyon Kanada» ki fòme pa bòrisit.

Sosyete Koukouy seksyon Kanada-a, se you konsekans dirèk Mouvman kreyòl an n-Ayiti, nan ane 60-yo. Se you òganizasyon ki  pap fè biznis,l’ap travay pou devlopman kilti kreyòl la.

Kòm nou konnen soulye degrenn gòch pa monte mòn, Sosyete Koukouy louvri baryè-l, li envite tout mounn: plimis, atis, fouyapòt, espesyalis, òganizasyon k’ap travay sou kesyon kreyòl-la, pou yo boukante ak li tout dokiman, enfòmasyon, rezilta travay yo fè. Pase se nan kole zèpòl, nan men-nan-men, n’a vanse pou pi devan.  

Pou tèt ansanm nou konte fè ak òganizasyon ou lan, nou salye ou ak onè respè.

Pou Sosyete Koukouy seksyon Kanada-a

 Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Nou rekopye lèt sa a jan nou te voye li nan jounal la. Menm lèt sa a te parèt nan jounal Haïti Observateur, 1ye  mas rive 8 mas 1985.

Ane yo pase. Sosyete Koukouy Kanada toujou rete fèm sou liy travay li te chwazi fè an kreyòl sou literati kreyòl la. Jounen jodi a travay nou santre prensipalman sou rechèch lengwistik ak rechèch pou nou renouvle langay pwezi kreyòl la sou youn plan teyorik tankou sou youn plan pratik anndan literati Ayiti a.